Anseye Pou Ayiti: dis lane angajman pou transfòmasyon edikasyon ann Ayiti

Publication date
Anseye Pou Ayiti
Image
Three Black girls in pink polo shirts with pink bows in their hair smile at the camera

Read this story in English

Depi lè li fonde nan lane 2014, Anseye Pou Ayiti ak rezo edikatè, lidè kominotè ak aprenan li yo kenbe yon angajman san kanpe pou dekonolize edikasyon ann Ayiti. Misyon APA a rantre nan nannan istwa peyi Ayiti ki rich ak otodetèminasyon. Revolisyon Ayisyen ki te fèt nan lane 1804, epi ki te abouti ak kreyasyon premye repiblik nwa nan monn lan, raple avèk fòs pouvwa inite ak aksyon kolektiv jwe nan liberasyon nou. Sepandan, nan lane 2024, sistèm edikatif Ayisyen an rete youn nan pi gwo vestij pase kolonyal nasyon an, souvan feblès ki genyen nan atou kiltirèl li yo, konn lakòz fragmantasyon ak inegalite yo kontinye.

Mouvman APA a se yon mouvman ki fèt pou pèmèt nou pran pouvwa nou nèt kòm Ayisyen atravè yon aksyon kolektif. Depi plis pase 10 lane, APA ap travay avèk Sitwayen-Lidè lokal pou yo kapab bay jenerasyon Ayisyen konpetans, mantalite, ak konesans nesesè pou reyalize tout potansyèl yo. Mouvman APA a fòme yon santèn edikatè ak lidè kominotè atravè divès rejyon ann Ayiti. Gras ak pwogram kowòt ak inisyativ kominotè li yo, APA fè yon enpak dirèk sou lavi 21 000 etidyan, nan objektif pou konble inegalite nan kesyon edikasyon epi favorize devlopman dirab.

Difikilte n ap rankontre jounen jodi a:

Nan mitan pakèt difikilte ki gen ann Ayiti jounen jodi a, tankou enstabilite politik, difikilte ekonomik, katastwòf natirèl, misyon APA a rete kanpe tenn fas ! Efò òganizasyon an ap fè a vin pi enpòtan, paske Ayiti kontinye ap goumen ak yon sistèm edikatif ki fragmante, epi ki pa reponn ak bezwen pifò manm popilasyon an. APA kwè nan yon sistèm edikatif ki fò epi ki sanpatipri pou konstwi yon demen miyò pou tout Ayisyen. Travay l ap fè a rantre nan yon kontèks ki pi laj epi ki ap kontinye fèt ann Ayiti pou jistis ak egalite. Epitou, li montre aklè edikasyon se pa sèlman yon zouti pou avansman pèsonèl, men yon konpozan vital pou devlopman nasyonal.

Nedgine Paul Deroly, ki se PDG ak ko-fondatè APA, te deklare nan yon lèt li ekri sa pa gen twò lontan epi kote li t ap pale ak sipòtè li yo konsènan difikilte peyi Ayiti ap rankontre aktyèlman : “​​Anseye Pou Ayiti (APA) toujou kwè, epi envesti nan lidèchip kolektif. Jounen jodi a, plis pase anvan, nou bezwen yon aksyon kolektif nan mitan tout moun ki kwè nan yon Ayiti ki puisan. Nan mitan tout moun ki kwè pwoblèm yo anpil, men solisyon yo posib .’’

Atravè patenarya li fè avèk aktè lokal ak entènasyonal li yo ansanm ak Ministè Edikasyon Ayisyen an, APA kontinye devlope solisyon dirab ki transfòme kominote epi ki konstwi yon Ayiti ki fò pa anndan. Gras ak sipò patenarya sa yo ak lekòl lokal ansanm ak lidè kominotè yo, APA kontinye ap inove epi agrandi enpak l ap fè.

Nouvo Dokimantè APA

Nan okazyon 10zyèm anivèsè l, APA pibliye yon dokimantè ki mete limyè sou enpak li fè pandan 10 dènye ane yo. Fim nan prezante w aprenan, anseyan, Sitwayen-Lidè, ak kominote ki transfòme akoz inisyativ k ap inove APA ap fè yo. Li montre enpòtans ki genyen lè nou envesti nan kapital imen, kòm baz devlopman Ayiti sou yon peryòd alontèm.

N ap pike pou pi devan

Pandan APA ap rantre nan dezyèm deseni l, òganizasyon an rete angaje ak vizyon li genyen pou yon sistèm edikasyon sanpatipri epi ki enklizif pou timoun Ayisyen. Pandan dezyèm faz mouvman li a, APA gen pou objektif enfliyanse chanjman nan sistèm lan nan nivo nasyonal. L ap fè sa pandan l ap apiye l sou aprantisaj ak enpak òganizasyon an. Apati ane 2025, APA prevwa pou li ogmante rezo kolaborasyon li yo, epi ekipe 50 000 Sitwayen-Lidè Ayisyen pou kat milyon timoun ann Ayiti a.

10zyèm anivèsè Anseye Pou Ayiti a se pa sèlman yon selebrasyon pou sa ki pase, men li se yon envitasyon pou aksyon pou sipò ak kolaborasyon k ap kontinye nan misyon APA a ak pou demen miyò Ayiti. Lè li envesti nan edikasyon, epi sipòte kominote lokal yo, APA poze baz pou sa ki kapab vini yon modèl dekolonizasyon edikasyon, angajman kominotè, epi garanti yon vrè liberasyon nan Amerik Latin ak nan Karayib la – ak nan tout monn lan.

Pou nou gen plis enfòmasyon sou Anseye Pou Ayiti, epi pou nou sipòte efò y ap fè yo, gade dokimantè  a, epi vizite sit entènèt yo a .